Definisyon Sou mouvman revandikasyon
Yon mouvman revandikatif se sa yo te ka rele nan sosyoloji yon mouvman sosyal. Ki se yon mouvman kote yon gwoup moun anndan popilasyon an ki regwoupe yo nan òganizasyon popilè, politik, fanmi, ki gen yon karaktè demokratik pou kapab poze pwoblèm ki lye ak mas popilè a osnon klas.
Yon mouvman popilè ki se yon eleman nan mouvman sosyal la. Se yon mouvman k ap poze pwoblèm sosyete a pa rapò ak enterè klas travayè yo, klas popilè yo, kouch ki pi pòv anndan sosyete a. Tankou sosyete esklavajis, peyizàn, kapitalis, proletè, fewodal, ti machann elatriye. Li se yon mouvman ki gen yon karaktè revolisyonè k ap mete an kesyon lòd etabli pou transfòme sosyete a nan enterè klas popilè a.
Pou sosyològ mouvman sosyal yo gen de ( 2 ) kategori mouvman sosyal. Gen ansyen mouvman sosyal epi genyen nouvo mouvman sosyal. Ansyen mouvman sosyal la soti nan tradisyon sosyolojik kote se dinamik klas yo kite konn esplike lit anndan sosyete a. Tankou ou nan yon sosyete esklavajis kote esklav yo revòlte, ou nan yon sosyete kapitalis mas ouvriye proletè yo ap poze pwoblèm, osnon ou nan yon sosyete feyodal kote peyizan yo ap fè revandikasyon. Pou nouvo mouvman sosyal yo ki se yon mouvman revandikatif men ki pa yon sousi pou mete an kesyon lòd etabli sa pa vle di pwoblèm klas yo pa egziste men k ap poze yon pwoblèm entegrasyon tankou Dwa moun, migran, fanm, etidyan, pwoblèm y ap konfwonte nan lekòl, pwofesè. Aktè sa yo konn eksprime yo nan enterè yo ak revandikasyon espesifik yo( Fillieule et péchu, 1993, p.102).
Nan yon Atik « Gage Averiell, Rachel Bouyssou : La chute de la dictature haitienne » kote li di an Ayiti mizik popilè yo genyen yon rapò patikilye ak pouvwa a. Sa vle di mizik la konn jwe yon gwo wòl nan batay pèp la konn ap mennen epi pou denonse yon seri pwoblèm mas la konn ap konfwonte. Nan sans sa nou ta poze tèt nou yon ti kesyon ki rapò moun yo devlope ak mizik nan divès revandikasyon yo ?
Pou istoryen, pwofesè nan Inivèsite Leta Ayisyen an Derynx Petit-Jean : Mizik ak revandikasyon toujou mache ansanm. Depi nan lane 1492 lè espanyòl yo te vini sou zile a taïnos, Arawak yo kite konsidere kòm premye abitan ki t ap viv nan espas la yo pa t dakò gwoup tè sa yo te abite a pou etranje vini sèl mèt e seyè nan espas la. Nan sans sa yo te mennen anpil konba, e nan konba yo te mennen an youn nan premye lidè konba sa se te Caonabo avèk diferan lòt chèf kasik, Taïnos ak sou kasik ki te genyen nan espas la. Yo te mete tèt yo ansanm pou yo te batay pou yo te mete espanyòl yo deyò. E nan moman batay sa gen chan gè kite egziste si nou pran chan gè Caonabo nan yon liv Odette Roy Fombrun « L’Ayiti des indiens » ekri kote l ap montre Caonabo k ap di « Aya Bonbe » kòm nou ta kapab di se kri grenadye a la so a. Chan sa ki te akonpànye batay yo pral mennen pou boule fò nativite a. Se menm bagay la nou jwenn kay kasik Henry pa sèlman li te avèk flèch men te gen chan popilè tou sanba yo te konpoze. Chan sa yo te sèvi, pou fè yo pran konsyans pou kapab ale batay pou libere espas la. Chan kasik Henry a nou kapab gade nan « Histoires des caciques d’Haïti » avèk Émile Nau Osnon nan liv Jean Fouchard « Littérature et langue
des aborigènes d’Ayti » anndan liv sa nou kapab jwenn chan gè Caonabo ak Kasik Henry kote yo t ap poze nan chan sa yo pwoblèm revandikasyon pou yo te rejwenn tè a epi fwete konsyans Taïnos yo pou montre yo, yo nan lagè, fòk yo batay pou libere tèt yo. E se menm jan kite genyen tou nan sendomeng kont kolon fransè yo depi nan mawonaj la pou rive nan moman 1791 la . Te gen yon ansanm chan ki genyen ki te sèvi ki alimante revandikasyon osnon batay esklav yo t ap mennen nan sendomeng.
N ap sonje tou nan seremoni bwa kayiman avèk grenadye a la so sa ki mouri zafè ya yo sa chan sa te jwe nan batay la. Se deja yon espresyon chan popilè pou kapab fwete konsyans revolisyonè esklav yo pou kapab batay kont kolon fransè yo. Pou esplike depi nan kolonizasyon nan sendomeng kesyon mizik la, chan, tanbou a, dans la, kòn lanbi, tchatcha, boule, bat men an te gentan la. Se nan boula nan chante a yo jwenn enèji pawòl la pase pou kapab poze pwoblèm sosyete a. Men se pa sèlman nan peryòd kolonyal fransè ak espanyòl la te genyen chan pou batay. Lit popilè yo te toujou akonpànye ak chan. Aprè endepandans nan diferan batay peyizan yo t ap fè, an fas sistèm gran plantè kite genyen an Ayiti aprè revolisyon an. Kote konsantrasyon tè yo te nan men gran don yo e mas ansyen esklav yo ki vin peyizan yo pa jwenn tè pou te travay. Nan sans sa yo ta pral fè mouvman revandikasyon pou mande entegrasyon yo nan ekonomi peyi a pou kapab gen pi bon distribisyon tè ki fèt pou yo ka byen jui endepandans nan. Nan batay sa te gen yon ansanm chan ki lye ak kote revandikasyon ansyen esklav sa nou rele peyizan an.
Pwofesè a ale pi lwen pou l di : jeneralman chan sa yo konn vini pou poze pwoblèm sistèm ki egziste a, pou mete l sistèm nan an kesyon. Li di gen yon dezyèm tip chan ki konn genyen. Chan yo konn genyen yon aspè konsyantizasyon sa vle di pou fwete konsyans gwoup oprime a, esklav oubyen peyizan pou batay kont sa pote revandikatif men sa nou ta dwe jui, men sa n ap soufri kòm pwoblèm. Chan yo tou konn ap idantifye ènmi klas travayè yo tankou gran don, Leta, boujwa osnon chèf seksyon.
Jeneralman chan sa yo konn soti nan gwoupman travayè yo chan yo konn parèt an Ayiti gen sa yo rele konbit li pran orijin depi nan peryòd esklavajis.
Genyen tou nan rara nan tradisyon bann madigra ou jwenn mizik sa yo. Jounen jodi a nou genyen de gwoup angaje yo, oubyen atis chan yo konn pase nan lit popilè yo tankou nan fen 20 èm syèk la nou te genyen Kanaval Boukmann Eksperyans nan « Kè m pa sote » ki ta pral patisipe nan ranvèse Prosper Avril nan lane 1991, mizik Manno Charlemagne yo, Coupé Cloué. Jounen jodi a nan 21 èm syèk la nou genyen Pierre Rosemond di 27 Wòklò, KEB, Jean Jean Roosevelt, elatriye. Pafwa tou chan yo konn parèt se nan moman lit la menm se pandan batay la ap fèt pandan moun yo ap kwaze ap batay an fas klas osnon Leta, sanba ou gwoup moun sa yo konn ap konpoze chan. Tankou sanba nan jeremi kreye nan manifestasyon kont Ariel se nan mobilizasyon chan sa konpoze « Ariel Kraze Peyi a ».
Pou jounen jodi a nou gen lòt estil mizik ki pran nesans si nou kapab pran mizik angaje a kote anpil atis sa yo eseye fè vwa pa yo pase nan pwoblèm peyi a ap konfwonte. Li t ap enpòtan pou n konnen ki wòl mizik sa yo jwe nan tan sa n ap viv la ?
Jounen Jodi a ki wòl mizik angaje yo nan mouvman mas popilè a.
Pou atis Pierre Rosemond di 27 Wòklò mizik angaje a jwe yon gwo wòl kòm egzanp ; Boukmann, Masters, Kanpèch, Manno Charlemagne se youn nan sewòm batay popilè a toujou genyen lè l jwenn mizik angaje ak atis angaje ki patisipe nan batay la avèk li. Lè nou konnen nan istwa pa nou eritye nan modèl chan yo te motive aktè k ap batay yo ki tradui reyalite a, mizik la pote revandikasyon ale pi lwen sou yon lòt fòm Kominikasyon. Mizik la pèmèt plis moun patisipe nan batay la e konprann nesesite pou yo patisipe nan lit popilè a. Li ka pèmèt revandikasyon pèp la travèse fontyè epi fè lòt zanmi etranje konprann sitiyasyon sosyal, politik, ekonomik peyi a.
Nan yon bat bouch ansanm ak 2 patisipan nan mouvman popilè yo, k ap esplike nou ki sansasyon yo genyen lè yo nan manifestasyon ki gen mizik popilè
« Kòm yon patisipan nan yon manifestasyon, mwen gen yon sans eksitasyon, detèminasyon, epi solidarite. Lè mwen wè moun ki gen menm preyokipasyon ak mwen menm, k ap mache ansanm, chante ak solidarite, sa ranfòse motivasyon mwen epi fè mwen santi mwen pa sèl nan batay la. Lè mizik yo jwenn mwen nan manifestasyon yo afekte m emosyonèlman . Yo ka fè mwen santi yon konesans pi pwofon sou mwen menm sou koz la, ak lòt moun n ap konbat la. Lyrik mizik yo konn ban mwen kouraj epi motive m pou mwen kontinye batay la » Esplikasyon Jean Pierre Richard
Pou Saint Hilaire Jameson « Pandan m ap mache nan manifestasyon an, mizik yo konn kreye yon atmosfè ki vivan epi kolektif. Mwen konn santi yon koneksyon ak lòt patisipan yo atravè yon sans solidarite. Epi konsa, mwen santi mwen gen yon pwoteksyon nan gwoup la, mwen santi mwen plen pouvwa ».
Tout eleman sa yo pou montre gwo wòl mizik la jwe nan divès revandikasyon mas popilè a konn ap mennen. Sa ki te kòmanse depi nan epòk Taïnos pou rive jounen jodi a, ki se denonse divès kalamite mas pèp la ap travèse nan mizik yo. Nou kapab di sa ki rete yon tradisyon/ eritaj pou nou.
Jean Gardy ALCIDE etidyan nan Kominikasyon Sosyal nan Fakilte Syanzimèn ( FASCH- UEH )
Add comment
Comments
Bon travay broh, keep going...
Kontinye pouse bourik ou,mwen renmen travay la.Se yon bèl tèks.
Mw te vrèman rejwen mw nan tèks la , e mw panse ke mesaj lan pase.
Mw apran yon pakèt bagay de nouvo.
Keep going 🏆