Medsen, ekriven, militan politik Jacques Stephen Alexis se youn nan vwa pandan ventyèm syèk la ki t ap fè rezistans ansanm ak pèp la kont rejim sanginè Duvalier.
Jacques Stephen Alexis fèt 22 avril 1922 nan gonayiv, li sòti nan yon fanmi entèlektyèl ki te gen anpil enfliyans, papa l Stephen Alexis te yon ekriven, se li ki te ekri « Le nègre masqué » ak « Manuel d’histoire d’Haïti ». Jacques Stephen Alexis fè etid klasik li nan enstitisyon Sen Lui Gonzag. Apre li rantre nan Fakilte medsin.
Nan lane 1942, li ko-fonde jounal
«La Ruche» yon jounal opozisyon literè ak politik. Nan jounal sa. li te gen yon kwonik sou non «Jacques la colère».
Moun plis konn Jacques Stephen Alexis pou woman li yo ki ede nou konprann reyalite ayisyen an. Ekri l yo montre imanite l ak angajman l nan kòz oprime yo. Men, li te angaje l nan politik anpil tou, li te youn nan manm mouvman etidyan ki te fè grèv jeneral nan lane (1946) ki ta pral ranvèse gouvènman Élie Lescot a.
Alexis pibliye premye liv li nan laj 18 tan. Men, se jis nan lane (1955) l ap vin yon ekriven konfime avèk piblikasyon premye woman li an
‘’ Compère Général soleil ‘’ nan edisyon Gallimard. Yon lane apre li ta pral pibliye de (2) lòt woman ‘’ Les arbres musiciens ‘’ ( 1957) L’espace d’un cillement ( 1959) ak yon rekèy kont Romancero aux étoiles ( 1960)
Nan lane 1959. Alexis fonde Pati Antant Popilè ( PEP) yon mouvman politik lagoch ki t ap mande refòm sosyal ak ekonomik pou amelyore kondisyon lavi moun. Ansanm aktivite politik li yo mete l nan batay ak rejim diktati Duvalier. Sa ki vin lakoz yo arete l plizyè fwa, paske angajman l pou dwa travayè ak peyizan te fè l parèt tankou yon danje pou rejim anplas la. Pou l te kapab sove lavi l li te oblije pati pou egzil. Se pandan l nan egzil li ta pral pibliye premye woman l, se nan moman sa yo tou li te devlope bon jan rapò zanmitay ak Louis Aragon ansanm ak lòt otè ki nan kouran negritid la tankou Léopold Sédar Senghor, Aimé Césaire.
Woman li an « Compère Général soleil » te fè anpil siksè. Nan woman sila, Alexis montre tout lojik ki te lakoz gwo masak ki te fèt sou travayè ayisyen nan sendomeng nan lane 1937.
Nan lane 1956 Jacques Stephen Alexis patisipe nan premye kongrè mondyal ekriven ak atis nwa ki te fèt nan peyi Lafrans nan non atis ak entèlektyèl ayisyen bò kote Richard Write ak Aimé Césaire.
Nan chache alyans ak èd li te ale nan peyi Lachin nan kòmansman lane 1961 kote Mao Tsé Toung te salye kouraj ak entèlijans politik li.
Li debake nan peyi Dayiti 22 avril 1961 ankachèt lè sa li te gen 39 lane, pou l te ka vin fè yon revòlt kont rejim Duvalier a. Malerezman yo te trayi l, apèn li rive Nòdwès tou pre Mòl Sen Nikola sekirite gouvènman Duvalier a arete l, yo bat li. Gen moun ki rakonte yo te tou fizye l apre yo fin arete l la, men jiska prezan pa janm gen moun ki konnnen kijan Jacques Stephen Alexis mouri. Men, sa pou n konnen malgre rejim sanginè Duvalier a ta touye Jacques Stephen Alexis yo p ap janm ka efase zèv li ak mesaj politik pou amelyore kondisyon lavi moun li te konn ap pwone yo, ki jous kounya kontinye ap fè chimen.
Jacques Stephen Alexis kite anpil eritaj nan literati ayisyen an. Yo konsidere l pami ekriven ki pi enpòtan nan ventyèm syèk nan literati ayisyen an. Jacques Stephen Alexis se senbòl rezistans kont lopresyon ak enjistis.
Add comment
Comments