Maurice Sixto se you n nan pi gwo lodyansè ayisyen, li fèt nan vil gonayiv 23 me 1919 epi li mouri 12 me 1984 nan peyi Lèzetazini. Li se pitit pitit Pompée Valentin Vastey ki se you n nan premye ekriven ayisyen. Maurice Sixto te yon imoris animatè, kontè epi pwofesè literati ak anglè.
Li fè etid primè li kay frè nan gonayiv epi l fè etid segondè Sen lui Gonzag. Akoz pwoblèm familyal li pase twa mwa nan akademi militè, li etidye dwa nan fakilte dwa pòtoprens (1945-48) . Maurice te gid touristik, tradiktè nan anbasad amerikèn. Apresa, nan lane 1958 li te atache près nan anbasad liberya, li te anvwaye espesyal prezidan Jean Claude Duvalier pou al dekore 5 gran medsen .
Yo pral rekonèt valè Maurice Sixto nan lane 1959 lè gouvènman ayisyen an pral dekore l « Ordre civil et mérite Toussaint Louverture » li pral jwenn pri meyè pwofesè nan vil Kinshasa nan Repiblik Kongo nan lane 1976, pri meyè « Meilleur diseur de new York » nan lane 1979 elt…
Nan lane 1964 li pral jwenn envitasyon nan men Madam Jacky Kennedy kòm envite donè nan yon dine leve fon pou moun ki fè lesemi. Depi nan laj 24 tran Maurice Sixto kòmanse gen ti pwoblèm vizyèl, malgre tout gwo operasyon l te fè nan peyi etranje sa pa t anpeche l vin avèg lè l rive nan karantèn. Malgre li pa t wè sa pa t anpeche l toujou fè lodyans li yo, paske l te gen yon bon memwa, li gen te kapasite pou l entèprete plizyè pèsonaj, li pa t janm ekri ni resite tèks li yo, se te annik antre nan estidyo epi anrejistre.
Li pase 9 lane nan peyi kongo nan Afrik, li konn toujou reve tè natal li Ayiti, se la tou li pral kontre ak Marie Thérèse Torchon, ki pral vin madanm li, se an Afrik apre li te fin li « la condition humaine André Malraux » de (2) jou apre li ta pral sòti Léa kokoye, Ti sentaniz, mèt zabèlbòk ta pral vini.
Maurice Sixto te renmen fimen anpil, lè konsa li toujou boule nan alimèt yo paske l pa t wè, yon jou pandan l ap limen sigarèt li dife tonbe sou pijama ki te sou li a, li te boule grav, kouri lopital avè l an ijans men sa te gentan twò ta, li mouri ak yon kriz kadjak 12 me 1984 filadèlfi nan peyi etazini.
Carlène Moreau Jounalis, Etidyan nan ILA.
Add comment
Comments